Health Encyclopedia
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Kontwole kantite sik ki nan san w pandan gwosès la

Sèl fason pou asire w ke kantite sik ki nan san w ret nan yon nivo nòmal se kontwole l regilyèman. Yo ka mande w pou kontwole kantite sik ki nan san w lakay ou yon fwa oubyen plizyè fwa pa jou. Founisè swen sante ou a ap aprann ou kòman pou w fè sa. Yo ka mandew tou pou teste pipi w lakay ou. 

Yon fanm ansent ki kenbe yon glikomèt pandan l ap pale ak founisè swen sante li a.
Founisè swen sante w la ap asire l ke w konnen kòman pou w byen kontwole kantite sik ki nan san w.

Kontwole kantite sik ki nan san w lakay ou

Founisè swen sante w la ap pale avè w sou pi bon fason ak pi bon moman pou w kontwole kantite sik ki nan san w. Y ap montre w sa pou w fè. Kantite sik ki nan san w anjeneral pi wo anviwon inè apre w fin manje. Ou ka kontwole l ak yon glikomèt.

  • Li enstriksyon ki akonpanye aparèy ou a. Suiv yo avèk atansyon.

  • Make kantite sik ki nan san w ckak fwa w kontwole l. Pote lis kote w make kantite sik ki nan san w chak fwa w fin kontwole l nan tout randevou w yo ak founisè swen sante w la. Pote glikomèt ou a tou.

Lè pou w rele founisè swen sante w la

Kantite sik ki nan san w dwe nan nivo sa yo:

Pi ba pase         lè w leve.

Pi ba pase         apre manje maten.

Pi ba pase         apre manje midi.

Pi ba pase         apre manje aswè.

Verifye sik ki nan san w lè w leve. Kontwole l 1 a 2 zè apre manje maten, manje midi, ak manje aswè, daprè enstriksyon founisè swen sante w la.

Founisè swen sante w la ap di w kisa pou w fè si kantite sik ki nan san w lan pi wo ke l ta dwe ye.

Rele founisè swen sante ou a si kantite sik ki nan san w lan pi wo pase             pandan plis pase                       .

Si ou teste pipi w lakay ou

Si w pa manje ase, kò w ap boule grès pou l jwenn enèji. Sa ap kite setòn nan pipi w. Founisè swen sante w la ap mande pou w kontwole prezans kò setonik nan pipi w chak maten. W ap fè sa ak yon woulo papye espesyal. Y ap chanje koulè si gen setòn nan pipi w. Sa ka vle di ou pa konsome ase kalori. Founisè swen sante w la ka pote modifikasyon nan rejim alimantè w la.

Lè pou w rele founisè swen sante w la

Rele founisè swen sante w la si w gen setòn nan pipi w pandan plis pase 2 jou youn dèyè lòt.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer